
| Knight Arts Challenge Miami | Frequently Asked Questions | Espanol | Kreyol |
Sa ki fè w la a kounye a, se paske ou kwè menm jan avèk nou travay atis se pi gwo mwayen moun ka sèvi pou yo di sa yo santi. Travay atis dekri bèlte; tout pawòl yo pale mache nan san nou. Yo fè moun vin pote kole pou yon kòz, kon sa tou yo fè moun fache anpil. Yo fè elòj kominote nou an ki fèt ak moun ki soti divès kote epi yo sèvi pou trase mak esperyans lavi nou fè ansanm. Travay atis sèvi kòm sous enspirasyon pou moun. Kounye a se tou pa ou pou w sèvi kòm sous enspirasyon pou sèn atistik zòn nou an k ap boujonnen.
Si w gen kèk bèl lide sou travay atis, fè n konnen. Vin fè pati yon kominote k ap monte nan lòt nivo reyalizasyon atistik ak nan popilarite nan lemonn.
Nan de dènye ane ki sot pase yo, yo te finanse 78 pwojè. Èske ane sa a se ane pa w?
Fondasyon John S. ak James L. Knight (John S. and James L. Knight Foundation) bezwen òganizasyon imanitè, konpayi prive ak nenpòt moun voye lide ak nouvo mòd travay atis ki fenk parèt ba li. Gen twa regleman senp pou sa:
1. Fòk lide a se sou travay atis li ye.
2. Pwojè a ap fèt nan Sid Florid oubyen l ap nan avantaj Sid Florid.
3. Ou jwenn lòt finansman pou mete ak finansman Fondasyon Knight la.
Aplikasyon pou moun patisipe nan Defi Knight lanse pou travay atis la dwe fèt ann angle sèlman”
Pou w kab pran plis ranseyman, li seksyon Kesyon moun poze souvan an (ann angle, FAQ).
Gade lis tout moun ki te resevwa finansman an 2010.
Gade lis tout moun ki te resevwa finansman an 2009
Gade lis tout moun ki te resevwa finansman an 2008
Kesyon moun poze souvan
Defi Knight lanse pou travay atis, sa sa ye?
Defi Knight lanse pou travay atis la se yon aktivite 60 milyon dola Fondasyon John S. ak James L. Knight mete sou pye nan Sid Florid. N ap chèche pi bon lide ki genyen nan afè travay atis. N ap envesti 40 milyon dola, epi 20 milyon dola ap soti lòt kote pou nou ka pote chanjman nan travay atis nan zòn kote nou abite a. Sa nou vle reyalize, se sèvi ak travay atis pou nou kab ede transfòme Sid Florid nan fè moun mete tèt ansanm nan kominote a.
Ki jan Defi Knight lanse pou travay atis la mache ?
Aktivite a gen de pati: Premyèman, yo te bay 3 gwo sibvansyon (èd lajan): 10 milyon dola pou mize ki rele Miami Art Museum nan (pou yo ka mennen plizyè mil elèv lekòl al vizite mize a chak ane); 5 milyon dola pou mize ki rele Museum of Contemporary Arts nan North Miami an (pou pran pi bon travay atis yo kab jwenn nan epi afiche li); epi 5 milyon dola pou New World Symphony (pou ede mizik klasik ak nouvo mòd travay atis ale pi lwen toujou). Dezyèmman, n ap lanse yon defi nan kominote a, kote nou mete 20 milyon dola apa pou yon peryòd 5 an kòm yon sibvansyon defi, pou finanse lide tou nèf nan travay atis ki nan avantaj Miyamided Konnti ak Brawòd Konnti.
Ki regleman pou moun suiv?
Gen 3 regleman: 1) Fòk pwojè a se yon pwojè atistik; 2) Fòk li fèt nan Sid Florid oubyen fòk li nan avantaj Sid Florid. 3) Ou dwe jwenn lòt finansman pou mete ak finansman Fondasyon Knight a.
Èske se sèl òganizasyon imanitè oswa enstitisyon pou edikasyon ki ka enskri?
Defi a lanse ni pou òganizasyon imanitè, ni pou konpayi prive, ni pou nenpòt moun.
Èske w oblije sitwayen ameriken pou w enskri?
Non. Kandida tout nasyonalite ka antre nan konkou sa a.
Èske w dwe gen 18 an omwen pou w enskri?
Non, men si se yon minè ki genyen, se paran li oubyen responsab legal li k ap resevwa prim nan. Yon òganizasyon ki dakò travay ak moun ki poko gen 18 san yo pa fè moun yo peye ka resevwa prim nan tou.
Èske mwen menm oubyen òganizasyon mwen an dwe tabli nan Sid Florid?
Ou kalifye si pwogram nan oswa pwojè a ap fèt Miyamided oubyen Brawòd, oubyen tou si l pap fèt Miyami men li nan avantaj Miyami. Se nan Miyamided Konnti ak Brawòd Konnti nou plis enterese. Men, nou ka asepte bèl lide estwòdinè ki soti toupatou nan Miyamided Konnti, Brawòd Konnti, Monnwo Konnti ak Panmbitch Konnti.
Ki diferans ki genyen ant aplikasyon an ak yon “pwojè o konplè?”
Aplikasyon an ban nou ase enfòmasyon tou kout pou nou kapab konprann lide w la. Si nou chwazi aplikasyon w lan kòm finalis, n ap mande w ekri yon pwopozisyon ki pi detaye.
Konbyen aplikasyon mwen ka depoze?
Pa gen limit. Byennantandi, chak aplikasyon ta dwe pou yon pwojè apa.
Ki sa yo di ki TRAVAY ATIS?
Sa a se yon bon kesyon. Gen plizyè definisyon, men nou renmen definisyon sa a: travay atis se travay kote ou konnen byen se ak ladrès ou ansanm ak imajinasyon ou w ap sèvi. Nou pa dèyè pwojè sosyal ki sèvi ak travay atis pou yo rive kote yo vize a. N ap chèche pwojè ki fè efò pou yo kreye travay bon jan atis ki gen bon kalite nan kominote nou an.
Ki sa m ka fè pou aplikasyon m nan ka gen yon “avantaj”
Nou asepte nouvo mòd travay atis tou. Epitou nou gade pou wè si kandida a gen ase konesans pou li konplete pwojè a. Kidonk, ou menm oubyen gwoup ou a ka bezwen yon ti bourad pou n kab kòmanse ak yon koutmen pou n rive kote nou vle rive a. Ou mèt enskri; okazyon sa a ka bon moman pou w pran ti bourad sa a. An reyalite, pi bon « avantaj » la se gen yon lide estwòdinè pou travay atis.
Ki jan m ap fè konnen si pwojè mwen an mache ak lide ou genyen sou travay atis oswa nouvo mòd travay atis?
Eseye. Sa ap pran w 20 minit sèlman pou w voye lide w la ban nou.
Ki sa yon « sibvansyon defi » ye?
Se yon lajan èd yo bay pou ankouraje lòt moun vin ede finanse yon pwojè. Se poutèt sa aktivite sa a rele Defi Knight lanse pou travay atis. Nou mete n nan pozisyon pou nou aji, men nou mande lòt moun pou yo mete men tou.
Ki sa w vle di lè w di « chèche lòt finansman pou mete ak » finansman fondasyon an bay la?
Pou nou ka fè pi gwo efè nèt sou kominote nou an, n ap mete 20 milyon dola apa pou nou ankouraje lòt moun bay lajan tou pou ede travay atis. Lide a senp: si pwojè a ap koute 10 mil dola antou, ou dwe jwenn 5 mil dola omwen yon lòt kote, paske pi plis kòb fondasyon an ap ba ou se 5 mil dola. (Sa a se annik yon egzanp pou nou montre w kouman koze met moso n ap met moso a mache. Pa gen yon kantite kòb Fondasyon an deja mete kòm maksimòm kòb li ka bay.)
Èske pòsyou lajan an ka lajan pa m oubyen lajan òganizasyon m nan deja genyen?
Non. N ap chèche nouvo sous finans pou travay atis. Sa vle di ou dwe chèche fè lòt moun envesti kòb menm jan avèk nou. An jeneral se sèl kòb kach ou resevwa nan men nouvo sous pou òganizasyon w lan oswa pou pwojè w la ki ka konte nan lajan ou dwe mete a.
Ki lè pou m fin jwenn pòsyou lajan pa m nan?
W ap gen ennan kon sa apati lemoman ou resevwa sibvansyon an pou ou mete pòsyou lajan pa w la. Si se yon pwojè plizyè ane, w ap gen ennan pou w pote pòsyou lajan pa w pou sibvansyon nou bay pou chak ane.
Èske pòsyou lajan pa m nan dwe egal pa w la dola pou dola?
An jeneral se sa. Se nan kèk sitiyasyon nou pa wè fasil (e an jeneral se pou ti gwoup ki piti anpil) nou konn dakò pou nou bay plis. Menm jan an tou, nou gen dwa mande w mete plis kòb pou chak dola nou mete nan pwojè a si òganizasyon w lan pa gen pwoblèm lajan.
Èske w ap finanse konpayi prive tou, pa òganizasyon imanitè ak nenpòt moun sèlman?
Wi, n ap fè sa si nou jwenn yon konpayi prive ki gen yon lide ki ka chanje anpil bagay pou amelyore kominote a nan sèvi ak travay atis.
Kilès k ap tyeke aplikasyon mwen an?
Anplwaye Knight, ak konkou espesyalis endepandan ki maton nan koze travay atis. Men se Konsèy administrasyon Fondasyon Knight la ki va pran dènye desizyon an.
Nan ki delè pou mwen depoze aplikasyon mwen an?
Lendi 2 mas a 5 è p.m. nan Lè zòn lès la.
Ki lè y ap anonse moun ki ap resevwa finansman yo?
28 novanm 2011.
Ki lè m ap konnen sa nou deside ak aplikasyon an?
Y ap kominike avèk ou pa imel 28 avril pou pi ta. W ap resevwa swa yon envitasyon pou w depoze yon pwojè detaye swa yon lèt ki fè w konnen yo rejte pwojè w la.
Si yo rejte pwojè m nan èske y ap di m pou ki sa?
Poutèt nou resevwa yon dividal aplikasyon, moun k ap analize pwojè yo pa mete kòmantè espesyal sou tout. Sa vle di, nou pa ka esplike w ki rezon ki fè nou pa asepte pwojè w la.
Kilès pou m kontakte si m gen kesyon?
Voye kesyon ou genyen nan adrès imel arts@knightfoundation.org


Random Acts of Culture